Ekonomize eneji, Ekonomize lajan

Bòdwo sèvis piblik ou a twò chè? Kay ou ap frèt?
Ou se yon mèt kay apatman, lokatè, ou gen pwòp kay ou nan Boston?
Itilize moins enèji e jwi yon kay ki pi konfotab avek “Renew Boston.” Renouvelle Bostonn se yon inisyativ vil Bostonn pran nan tèt ansanm ak
Mass Save, Eversource ak National Grid pou bay pwopriyetè ak lokatè* kay Bostonn sèvis sa yo:
- Evalyasyon gratis sou eneji kay ak ankourajman
- Limye fliyoresan (CFLs) gratis pou ka komanse ekonomize eneji koulyeya
- 75% rediksyon -jiska $2,000 — pou ameliorasyon sistem izolation
- Rabè de 90% — jiska $3,000 pa apatman — pou bilding de 2 a 3 unite
- Bon jan ranbousman pou sistem chofaj ki efikas, ekipman dlo cho
- Pwogram “Heat Loan” ofri 0% finansman pou ranplasman sistem chofaj ak lot amelyorasyon pou ekonimize eneji
Rele nan 617.635.SAVE (7283) ou enskri kounye a
Pou ka komanse economize eneji ak lajan koulyeya!
Tanpri fè plan yo pou ou kapab gen yon moun ki pale anglè lakay pandan Enèji Evalyasyon nan Kay ou.
Ankourajman Konsève Enèji pou Bilding nan Boston ak De ak Twa Apatman
Renew Boston envite tout pwopriyetè ak lokatè bilding ki genyen 2 osnon 3 apatman nan Bostonn pou pran enfòmasyon sou pwogram ki rele “Whole Building Incentive” la ki ka redwi pri li ta dwe koute pou enstale izolasyon nan bilding nan. Avèk tout enfòmasyon sa yo, li ap pi fasil pou pran yon randevou gratis pou ka evalye kantite enèji ou itilize.
Fòm Pou Mèt Pwopriyete ki gen Bilding nan Boston ak De ak twa apatman
Li tounen! Yon rabè espesyal pou ranplase sistèm chofay nan kay nou pa sistèm tou nèf ki pa ap gaspiye enèji.
Eske nou itilize vantilatè (blowè) pou fè lè cho sikile nan kay nou ? Eske sistè chofay nou an gen plis pase 12 zan?
Eske se dlo cho osnon vapè lè cho nou itilize pou chofe kay nou?
Si ou reponn “wi” pou nenpòt nan keksyon sa yo, pwogram Mass Save Early Heating Equipment Replacement Rebate la ka ede nou ranplase epi amelyore sistèm chofay nou yo.Youn nan fason nou ka bese pri bòdwo nou pou enèji se ranplase ansyen ekipman nou yo pa sa ki ka ede nou ekonomize enèji. Rabè nou ka jwenn, avèk lajan nou ka prete san enterè nan men Mass Save, nou ka reyalize pwojè a koute mwens pase sa nou te panse.
Ankourajman pou ranplase ekipman chofaj kapab ant $750 jiska $1000 lè nou ranplase ansyen ekipman nou yo ak ekipman nèf ki mache pi byen. Rabè sou ekipman ki itilize vapè cho osnon dlo cho (radyatè) kapab ant $1750 jiska $3500, li depann de plizyè lòt kondisyon.
Pou kalifye pou resevwa ankourajman sa yo, ekipman nou ap ranplase yo pa dwe an pàn, fòk yo ap fonksyone; epi nouvo ekipman nou ap achte yo dwe nan menm nivo osnon depase estanda ki gen pou wè ak efikasite ekipman ki nan pwogram sa a. Si nou chanje fòm enèji nou itilize (tankou luil pou gaz) chanjman sa yo pa kalifye pou rabè sa yo; men, nou ka itilize yo pou nou ranplase yon sistèm ki itilize luil ak yon lòt sitèm luil. Gen lòt pwogram rabè kliyan sa yo ka itilize.
Nou kapab kalifye pou nou prete lajan san enterè atravè Mass Save HEAT Loan Program. Pwogram sa a bay kliyan yo opòtinite pou yo ka prete lajan san yo pa peye enterè sou li nan bank osnon enstitisyon ki kolabore ak Mass Save nan enstale ekipman ki ka ekonomize enèji lakay yo. Si nou kalifye pou patisipe nan pwogram sa yo nou ka jwenn lajan prete san nou pa genyen pou peye enterè sou li. Nou ka prete soti $500 pou rive $25,000 plis nou ap ka wè amelyorasyon nan enèji nou konsome pou soti 2 a 7 an lè nou ranplase ansyen ekipman nou yo tankou nouvo ekipman pou chofe kay ak chofe dlo. Epi, pou yon ti tan tou kout, yo ogmante kantite kòb nou ka prete nan HEAT Loans jiska $50,000!
Genyen kèk ane, 2 moun ki abite Brighton: Liz Breadon ak Mary McCarthy te bezwen ranplase sistèm chofay nan kay yo. Anplis sa, yo te vle enstale pano pou yo ka itilize enèji ki genyen nan solèy la pou yo ka chofe dlo yo ap itilize lakay yo. Liz esplike. Se rabè nou resevwa nan pwogram HEAT Loan nan ki pèmèt mwen fè tout amelyorasyon sa yo. Liz ak Mary reyalize yo ekonomize apeprè $108 chak mwa, ki vle di yo depanse $70 pa mwa pou yo te ka genyen yon ekipman chofay nan kay la ak enstale sistèm ki itilize enèji solèy la pou yo ka chofe dlo. Ala de piyay!
Rele Renew Bostonn nan 617-635-SAVE (7283) pou Mass Save ka vin vizite kay nou pou yon evalyasyon anvan nou enstale ekipman tou nèf ki kapab ede economize enèji. Pannan evalyasyon an Espesyalis Enèji yo ap evalye ekipman nou yo epi detèmine si nou kalifye pou nou patisipe nan pwogram yo.
- Si espesyalis yo detèmine nou kalifye pou resevwa rabè pwogram sa yo ofri, yo ap tou bay kliyan yo yon fòmilè pou yo ranpli pandan visit evalyasyon yo.
- Si yo pa kapab detèmine si yon kliyan kalifye pou resevwa rabè sa yo pandan visit evalyasyon an, espesyalis yo ap enfòme yo sou rezilta yo apre visit la. Si yo reyalize ekipman nou yo kalifye pou pwogram “Ranplasman anvan lè” nou ap resevwa yon fòm pa lapòs osnon pa imèl
- Si ekipman chofay nou yo twò nèf pou patisipe nan pwogram “Ranplasman anvan lè” (early replacement) genyen lòt asistans ankourajman nou ka itilize pou amelyore pèfòmans ekipman nou yo.
- Pou nou ka demare nan pwogram nan, nou ap bezwen ranpli yon fòmilè tou kout ki genyen keksyon ki gen pou wè ak kay nou osnon apatman nou abite a ladan li nan adrès elektwonik sa yo: https://ngrid-ma.energysavvy.com/start-your-project/ oubyen https://eversourcema.energysavvy.com/start-your-project/.
*Kondisyon pou kalifye pou pwogram sa
Residan an dwe abite nan yon kay yon fanmi oubyen nan yon bilding multifamilyal ki pa gen plus ke 4 fanmi ki abite ladan’l. Aplikan yo dwe ranpli kondisyon nesese ke pwogram la mande pou yo kapab patisipe. Gen kek restriksyon ke ou dwe respekte e of la kapab chanje oubyen anile.
Kondisyon pou resevwa ranbousman baze sou rezilta evalyasyon eneji pou kay la. Lap gratis selon konstatasyon ke espesyalis eneji a jwenn. Finansman “HEAT Loan” sije apwobasyon de tout kredite ki paticipe. Residan kap resevwa asistans gaz, oubyen rabe sou bill elektrisite kapab jwenn plis ankourajman selon reveni yo.