$3000 pou ranplase ansyen fil elektrik “Knob and tube”

$3000 pou ranplase ansyen fil elektrik “Knob and tube”

Men bòn nouvèl! Massachusetts ogmante kantite kòb ki disponib pou izole kay ki genyen ansyen sistèm elektrik yo. Chaje moun ki te genyen ansyen sistèm elektrik nan kay yo. Sistèm sa a te anpeche yo enstale izolasyon. Ansyen sistèm elektrik sa a rele: “Knob and tube”.

Kounye a “Barrier Mitigation Grant” ki andedan Mass Save ofri lajan prete ki pa dwe depase $3000 pou redui pri li koute pou ranplase ansyen fil elektrik sa yo. Suiv twa etap sa yo pou ka izole kay ou epi avanse sou chemen pou ka genyen yon kay ki pi konfòtab ak ki pa koute twò chè.

1. Reflechi!

Pou konnen si pwogram sa a ka ede w nan enstalasyon izolasyon nan kay ou a, ou dwe mande yon elektrisyen ki gen lisans evalye sistèm elektrik la pou ou. Li ap kapab ede w detèmine si kay ou a genyen ansyen sistèm elektrik “Knob and tube” la, paske ou vle enstale izolasyon. Si w ta bezwen yon moun pou ede w, pale ak pwofesyonèl ki konn ba ou konsèy sou enèji a.

2. Ranpli fòm nan

Rasire ou genyen “Pre-Weatherization Barrier Mitigation Incentive Form’ nan pou bay elektrisyen an. Fòm sa a ta dwe andedan lo materyèl ou te resevwa nan moman yo te ap fè evalyasyon konsomasyon enèji pou kay ou a. Si w pa ka jwenn li; rele pwofesyonèl ki konn konseye w sou zafè enèji a, osnon ou ka rele 617-635-SAVE (7283) pou ka mande yon lòt kopi. Si elektrisyen an reyalize ou pa genyen yon sistèm “Knob and tube” li ka siyen fòm nan. Sa vle di kay ou a pre pou enstale izolasyon ladan li. (Kenbe resi elektrisyen an ba ou a pou ka jwenn yo kredi ki pa dwe depase $250 pou evalyasyon elektrik li fè a.)

3.Repare li

Si elektrisyen an jwenn ou genyen yon ansyen sistèm elektrik: “Knob and tube,” ou dwe mande li yon estimasyon sou konbyen li ap koute pou chanje sistèm nan. Si li posib, li ta dwe ba ou yon estimasyon separe pou anlè kay la ak yon lòt pou sousòl la. Konsa, ou ap kapab pataje pwojè a an moso si li ta nesesè. Lè ou resevwa estimasyon an, ou ka kontakte Mass Save pou enfòme li ou pre pou aplike pou Barrier Mitigation Grant. Si sa ta rive ou bezwen plis kòb. Mande pwofesyonèl ki konseye ou sou zafè enèji a sou lòt sous finansman ki disponib tankou Mass Save HEAT Loan ak Boston Home Center.

Kòmanse kounye a menm

Rele 617-635-SAVE (7283) pou ka konnen ki sa ou dwe fè apre sa. Avèk lajan yo ka prete w la, se yon bon moman pou fè kay ou a vin pi konfòtab lè ou retire ansyen sistèm elektrik la.

Ou ap santi w pi konfòtab pi plis pase anvan ou te izole kay la.

Nou pa ka tann pou nou tande nouvèl ou.

 

Kreyol K&T Chart as a PDF